{"id":178,"date":"2024-09-30T00:28:00","date_gmt":"2024-09-30T00:28:00","guid":{"rendered":"https:\/\/word.steevenson.fr\/?p=178"},"modified":"2024-09-30T00:33:42","modified_gmt":"2024-09-30T00:33:42","slug":"twop-sik-nan-san-hyperglycemie","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/2024\/09\/30\/twop-sik-nan-san-hyperglycemie\/","title":{"rendered":"Tw\u00f2p sik nan san( hyperglyc\u00e9mie)"},"content":{"rendered":"\n<p><strong>Sik<\/strong>, oubyen &#8220;<strong>glucose<\/strong>&#8220;( <strong>glikoz<\/strong>), Mezanmi., eskenn konnen nou manje <strong>sik <\/strong>chak jou sou <strong>tout f\u00f2m<\/strong>? Si yo mande nou ki val\u00e8 <strong>sik <\/strong>nou <strong>konsomen<\/strong> pa jou \u00e8ske nap konnen? Gen <strong>moun<\/strong> ki panse ke yo pa <strong>konsomen<\/strong> anpil sik(<strong>glucose<\/strong>) paske yo pa manje bagay k<strong>i dous<\/strong>, Eske se vre?&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Younn nan <strong>rezon <\/strong>nou souvan pa konnen <strong>kantite <\/strong>sik nou <strong>konsome<\/strong> pa jou, se paske Anpil fwa l\u00e8 nou tande sik(glikoz) nou panse souvan av\u00e8k<strong> sik <\/strong>de tab lan (sik rafine) oubyen nou panse ak sik <strong>ki nan manje ki dous<\/strong> tankou <strong>kann ak mango <\/strong>ak sir\u00e8t. Men an reyalite sik(<strong>glikoz<\/strong>) kache preske nan tout <strong>manje<\/strong>, espesyalman nan aliman ke yo rele &#8220;<strong>hydrate de carbone<\/strong>&#8220;( <strong>kaboyidrat<\/strong>), yon sous manje ki gen anpil sik ki gen<strong> lamidon<\/strong>( <strong>Kaboyidrat<\/strong>) ki se yon fom <strong>sik pw\u00e8s<\/strong> ki nan <strong>yanm, p\u00f2mdete<\/strong> ak <strong>bannann<\/strong>, <strong>labapen<\/strong>, <strong>diri,<\/strong> <strong>mayi<\/strong>, <strong>ble,<\/strong> <strong>farin, bonbon<\/strong> e latriye<\/p>\n\n\n\n<p>Nan sans sa, nou <strong>klere<\/strong> je nou pou <strong>konprann<\/strong> ke on manje ki <strong>pa dous <\/strong>pa vle di kel pa gen <strong>sik(glikoz)<\/strong>. Alekile, Le <strong>f\u00e8t<\/strong> ke anpil moun pa <strong>enfome<\/strong> sou val\u00e8 fason sik(glikoz) <strong>ka egziste nan manje<\/strong>, li vin f\u00e8 ke anpil moun ap konsomen on val\u00e8 sik ki<strong> depase kantite sist\u00e8m <\/strong>yo bezwen chak jou. Piske nap viv <strong>nan yon tan<\/strong> ki fokis <strong>sou f\u00e8 <\/strong>manje fasil a baz de<strong> sik( glikoz)<\/strong> pou elimine <strong>grangou <\/strong>rapid. Af\u00e8 sik lan vin tounnen yon gwo <strong>dange sosyal<\/strong> pou kantite dega <strong>&#8220;twop sik nan san&#8221;(hyperglyc\u00e9mie<\/strong>) ap f\u00e8 nan la s<strong>ante piblik<\/strong>.<\/p>\n\n\n\n<p><\/p>\n\n\n\n<p><strong>Pou t\u00e8t sa<\/strong>, li enpotan pou nou konnen Kisa <strong>twop sik nan san<\/strong> vle di? Eske<strong> twop sik nan san<\/strong> se yon <strong>maladi<\/strong>? E Ki fason on <strong>moun vin <\/strong>gen<strong> twop sik nan san<\/strong>? ki kalite <strong>moun ki afekte <\/strong>plis? kijan nou ka <strong>evite<\/strong> gen <strong>twop sik nan san<\/strong>? Ki <strong>konsekans twop sik nan san <\/strong>genyen nan<strong> sitem nou<\/strong>? Ki <strong>sentom<\/strong> moun ki gen anpil <strong>sik nan san genyen<\/strong>? eske twop sik nan san ka trete ?&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-center\"><strong>KISA TWOP SIK NAN SAN VLE DI?<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>N\u00f2malman, tout selil(<strong>cellules<\/strong>) nan ko nou bezwen sik(<strong>glikoz<\/strong>) kom en\u00e8ji poul fonksyone sitou selil ki nan <strong>s\u00e8vo<\/strong> nou ak selil nan<strong> k\u00e8<\/strong> nou. Pou tet sa s\u00e8vo nou ak k\u00e8 nou itilize<strong> sik 24 sou 24<\/strong>,&nbsp; konsa nou toujou gen yon kantite sik nomal kap sikile nan san nou ant<strong> 77 a 99 miligram pa desilit.<\/strong> Chak le nou manje, <strong>lestomak<\/strong> nou <strong>etilize asid<\/strong> pou dekonpoze manje an poul jwenn<strong> eneji <\/strong>sou fom sik(<strong>glucose<\/strong>). Le sik sa rantre nan san nou li monte kantite sik lan pi wo ke <strong>99<\/strong>, tankou <strong>180<\/strong> oubyen <strong>300,<\/strong> depandan de kantite<strong> sik<\/strong> manje an genyen. Rapidman gen yon<strong> \u00f2gann<\/strong> ki rele &#8220;<strong>pancreas<\/strong>&#8221; ( <strong>pankrea<\/strong>), depil we <strong>sik lan monte <\/strong>nan san nou li pwodwi yon <strong>\u00f2m\u00f2nn<\/strong>(sibstans) ki rele <strong>insuline<\/strong> (<strong>Ensilin<\/strong>). <strong>Ensilin<\/strong> lan sevi k\u00f2m<strong> kle<\/strong> pou ouv\u00e8 p\u00f2t selil yo pou nou ka itilize sik lan kom <strong>en\u00e8ji<\/strong>. Espesyalam nan <strong>s\u00e8vo<\/strong> ak an <strong>k\u00e8<\/strong> nou, epi tout <strong>javr\u00e8t<\/strong>( muscles) k\u00f2 nou.<\/p>\n\n\n\n<p>Travay <strong>pankrea <\/strong>se pwodwi<strong> ensilin<\/strong> a trav\u00e8 &#8220;<strong>selil Beta<\/strong>&#8221; ( cellules Beta) chak le nap<strong> manje<\/strong> pou li ka <strong>desann <\/strong>e <strong>kenbe sik nan<\/strong> nivo ki pa danje pou ko nou. Gen sitiyasyon kote moun manje <strong>tw\u00f2p kabohidrat<\/strong>( lamidon) ki fe sik la toujou <strong>wo nan san<\/strong> chak jou jiskaske <strong>selil <\/strong>nan ko nou <strong>vin<\/strong> fe <strong>rezistans ak Ensilin<\/strong>, le konsa ensilin paka<strong> ede sik<\/strong> lan antre nan <strong>selil s\u00e8vo <\/strong>ak <strong>k\u00e8<\/strong> ak <strong>jevr\u00e8t<\/strong>. sik la kounya ki pa<strong> jwenn<\/strong> kote poul ale li rete ap <strong>sikile<\/strong> nan sa ak yon <strong>nivo<\/strong> ki <strong>byen wo <\/strong>e ki <strong>danjere<\/strong>, le konsa nou etabli on <strong>kondisyon <\/strong>yo rele <strong>sik wo<\/strong> oubyen tw\u00f2p sik nan san (<strong>hyperglyc\u00e9mie<\/strong>) ki ka abouti a &#8220;<strong>diabetes<\/strong>&#8220;( <strong>diab\u00e8t<\/strong>), <strong>maladi sik<\/strong>.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-center\"><strong> KI FASON ON MOUN VIN GEN TWOP SIK NAN SAN?<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p><strong>K\u00f2m<\/strong> nou konnen<strong> Pankrea<\/strong> jwe on r\u00f2l enpotan nan <strong>kontrole<\/strong> e kenbe <strong>kantite <\/strong>sik kap<strong> sikile<\/strong> nan san nan <strong>val\u00e8<\/strong> <strong>n\u00f2ma<\/strong>l. Pout\u00e8t sa <strong>pif\u00f2<\/strong> <strong>pwobl\u00e8m<\/strong> <strong>tw\u00f2p<\/strong> sik nan san gen pou <strong>w\u00e8 av\u00e8k yon pwobl\u00e8m<\/strong> ki egzizte nan <strong>pankrea<\/strong> . Konsa gen <strong>5<\/strong> fason nou ka fe sik tw\u00f2 wo(<strong>diab\u00e8tes<\/strong>).<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\">\n<li><strong>Premye fason<\/strong> malerezman se moun ki fet ak yon<strong> pankrea<\/strong> ki pa ka pwodwi<strong> ensulin<\/strong>, oubyen on pankrea ki pa pwodwi <strong>ase insulin<\/strong>. Yo rele sa<strong> dyab\u00e8t tip 1<\/strong>. Kisa yon tip de <strong>tw\u00f2p sik nan san<\/strong> ki egziste depi l\u00e8 <strong>timoun <\/strong>nan f\u00e8t. Kote ke<strong> selil sist\u00e8m<\/strong> defans( <strong>sist\u00e8m iminit\u00e8<\/strong>) ko nou atake<strong> &#8220;silil Beta&#8221; <\/strong>nan <strong>pankrea<\/strong>. ki fe ke <strong>&#8220;selil Beta<\/strong>&#8221; yo <strong>mouri <\/strong>nan<strong> pankrea<\/strong> epi yo poko <strong>pwodwi ensilin<\/strong>. Tip <strong>diabet sa<\/strong> rele <strong>insilin depandan<\/strong>, sa vle di <strong>Moun <\/strong>sa bezwen pran<strong> piki ensilin <\/strong>pou tout<strong> lavi<\/strong> li. Moun sa <strong>konn<\/strong> devlope &#8220;<strong>pied de charcot<\/strong>&#8221; kote afketasyon<strong> n\u00e8<\/strong> yo ak <strong>zo <\/strong>atikilasyon<strong> pye<\/strong> moun nan. <\/li>\n\n\n\n<li><strong>Dezy\u00e8m<\/strong> fason moun ka f\u00e8 <strong>tw\u00f2p sik nan san<\/strong>, se l\u00e8 ke <strong>pankrea<\/strong> travay tw\u00f2p le yon moun gen yon rejim<strong> alimante<\/strong> ki rich ak<strong> kaboyidrat, <\/strong>nou telman pwodwi<strong> anpil ensilin pou ranje sik nan san  jiskaske<\/strong> sist\u00e8m nou devlope <strong>rezitans ak ef\u00e8 ensilin<\/strong> nan <strong>selil yo<\/strong>. Yo rele sa <strong>dyab\u00e8t tip 2<\/strong>, ki se yon dyab\u00e8t kote ke ensilin lan paka ouv\u00e8 pot <strong>selil yo <\/strong>pou <strong>sik ka antre<\/strong>, konsa <strong>sik<\/strong> lan<strong> akimile nan san <\/strong> rive<strong> jiska<\/strong> 800 d\u00e8fwa.&nbsp;Dyab\u00e8t Tip 2 an pi komen kay granmoun, e nan ka sa, p<strong>ankrea pwidwi ensilin<\/strong> men selman nou <strong>pa ka itilizel<\/strong> pou<strong> konsome <\/strong>sik kom eneji.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Twazy\u00e8m<\/strong> fason, se kay fi ki ansent, ki gen <strong>sik wo <\/strong>pou la premye<strong> fwa pandan yo ansent<\/strong> jiskaske yo akouche. Epi malerezman apre yo <strong>akouche<\/strong> sik lan toujou <strong>rete wo <\/strong>li pa janm <strong>desann anko<\/strong>. yo rele sa <strong>diab\u00e8t jestasyonal<\/strong> ( diab\u00e8tes gestasionelle).<\/li>\n\n\n\n<li><strong>katriy\u00e8m<\/strong> tip lan rele &#8220;<strong>MODY<\/strong>&#8221; ( <strong>maturity onset diabetes of the young<\/strong>) Piske <strong>tip 2 an <\/strong>pi koman kay granmoun pou <strong>tet fisiopatoloji an<\/strong>, le yo jwenn li <strong>tip 2 an <\/strong>prezante nan <strong>j\u00e8nn moun <\/strong>yo rele li &#8220;<strong>MODY<\/strong>&#8220;. <strong>MODY<\/strong> an <strong>pa <\/strong>monte<strong> sik lan wo<\/strong> nan yon <strong>kantite<\/strong> ki<strong> danjere<\/strong>, paske le pli souvan <strong>jenn moun<\/strong> sa gen yon<strong> pwofil fizik<\/strong> <strong>n\u00f2mal <\/strong>ak <strong>pwa n\u00f2mal <\/strong>epi yo pa manifste<strong> sentom tipik sik wo<\/strong> nan san.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Senky\u00e8m<\/strong> tip lan se &#8220;<strong>LADA<\/strong>&#8221; ( <strong>late onset diabetes of the adults<\/strong>) Piske diabet tip 1 an koman kay timoun plis, l\u00e8 li prezante kay granmoun nan yon laj avanse yo rele sa &#8220;<strong>LADA<\/strong>&#8221; ki se yon tip de sik wo ki pataje menm fisiopatoloji<strong> diabet tip 1 an<\/strong>. Si nou raple nou <strong>dyab\u00e8t tip 1<\/strong> an toujou prezante kay <strong>timoun <\/strong>men nan ka sa li manifste<strong> kay granmoun<\/strong> ak menm <strong>karateristik klinik tip 1<\/strong> an. Tankou on bagay ki <strong>barew <\/strong>nan wout a <strong>yon laj<\/strong> san<strong> atann<\/strong>. Se pou<strong> t\u00e8t<\/strong> sa yo relel &#8220;<strong>LADA<\/strong>&#8220;.<\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-center\"><strong> ESKE TWOP SIK NAN SAN SE YON MALADI?<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p><strong>Tw\u00f2p sik<\/strong> nan san (<strong>hyperglyc\u00e9mie<\/strong>)<strong> pa<\/strong> souvan yon <strong>maladi,<\/strong> men si <strong>tw\u00f2p sik nan sa <\/strong>pa korije li ka vin konplike a yon maladi ki rele &#8220;<strong>dyab\u00e8t<\/strong>&#8220;, kise yon kondisyon <strong>kote tw\u00f2p sik nan san<\/strong> f\u00e8 selil( cellules) yo vin reb\u00e8l ak ensilin, malgre pankrea pwodwi ensilin l\u00e8 nou fin manje, ensilin lan pa ka ouv\u00e8 pot silil yo(<strong>membranes<\/strong> <strong>cellulaires<\/strong>) pou sik lan ka antre annda selil lan(<strong>cytoplasme)<\/strong> poul itilize<strong> sik <\/strong>lan. Le kosan sik lan<strong> rete nan san <\/strong>lap monte pil sou pil. Le nou cheke sik nan san nou li ka men wote nan <strong>300 a 500 <\/strong>defwal konn <strong>piwo 800<\/strong>. Al\u00e8kile, yo rele diabet ki reziste ak ensilin. K\u00f2m globil rouj nan san atache ak <strong>glucose <\/strong>sou f\u00f2m <strong>HBA1c<\/strong>( <strong>Hemoglobine A1c<\/strong>), yo ititilze <strong>pousantaj sik <\/strong>ki atache avek <strong>globil rouj <\/strong>pou konnen ki kantite sik ki<strong> sikile<\/strong> nan san,<strong> nivo nomal<\/strong> lan se <strong>mwens<\/strong> ke <strong>5.6%.<\/strong>  L\u00e8 nivo<strong> A1c ant 5.6% a 6.4% <\/strong>yo rele sa <strong>Prediab\u00e8tes<\/strong> oubyen <strong>atak dyab\u00e8t<\/strong>. <strong>Dyagnostik Dyab\u00e8t etabli <\/strong>le <strong>nivo A1c an<\/strong> <strong>igal ou plus a 6.5%<\/strong>. <\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-center\"><strong>&nbsp;KI KALITE MOUN KI AFEKTE AK TWOP SIK NAN SAN?<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Moun ki a<strong> risk <\/strong>pou <strong>devlop<\/strong>e <strong>tw\u00f2p sik nan san<\/strong> se moun kap manje anpil <strong>kabohydrat<\/strong>, ak pi ki pa f\u00e8 <strong>sp\u00f2<\/strong>, <strong>moun ki obez<\/strong>, moun ki ap <strong>pran steroid<\/strong>, moun <strong>ki ansent<\/strong>, moun gen <strong>anpil stress<\/strong>, moun ki gen<strong> manje<\/strong> depase le yo <strong>strese<\/strong>. Moun ki manje twop<strong> bagay dous<\/strong>, moun ki gen<strong> pwobl\u00e8m<\/strong> nan <strong>pankrea<\/strong> direkteman.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-center\"><strong>KIJAN NOU KA EVITE GEN TWOP SIK NAN SAN?<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p><strong>Glikoz(sik) <\/strong>se tankou <strong>gaz <\/strong>li ye pou ko nou. Sa vle di san <strong>Glikoz( sik<\/strong>) nou pap gen <strong>eneji <\/strong>ak f\u00f2s ke sist\u00e8m nou bezwen <strong>pou fonksyone<\/strong>. Antou, se s\u00e8l nan manje nou ka jwenn sik( <strong>glikoz<\/strong>) pou nou <strong>fonksyone<\/strong>. Se sak fe nou <strong>bezwen manje<\/strong> chak jou pou nou ka <strong>bay sistem<\/strong> nan sik pou l<strong>i ka travay<\/strong>. Le nou manje epi nou pa <strong>egzesis<\/strong> ko nou konseve sik lan sou <strong>f\u00f2m gr\u00e8ss <\/strong>epi on pati nan sik lan <strong>rete akimile <\/strong>nan san. Konsa, meye fason pou evite <strong>soufri twop sik <\/strong>nan san se chanje<strong> rejim alimant\u00e8 <\/strong>nou, manje <strong>mwens kaboyidrat<\/strong> epi sak pi <strong>enpotan<\/strong> se fe <strong>egz\u00e8sis<\/strong> pou ede <strong>selil<\/strong> yo itilize sik kap sikile nan san kom <strong>en\u00e8ji<\/strong>.<\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-center\"><strong>  KI KONSEKANS TWOP SIK NAN SAN GENYEN NAN SISTEM NOU ?<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p><strong>konsekans<\/strong> tw\u00f2p <strong>sik <\/strong>nan sa apa de <strong>dyab\u00e8t<\/strong>, sik la ka<strong> akimile<\/strong> tout l\u00f2t <strong>kote nan ko<\/strong> an l\u00e8l <strong>tw\u00f2 wo nan san<\/strong>.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\">\n<li><strong>Tw\u00f2p sik <\/strong>nan <strong>san<\/strong> ka vin akimile nan fwa an <strong>grand kantite<\/strong>, li vin koz <strong>enflamayon<\/strong> nan<strong> fwa<\/strong> ki rele <strong>&#8220;Hepatites<\/strong>&#8221; ( <strong>fwa anflame)<\/strong>, anplis <strong>fwa<\/strong> konveti <strong>eks\u00e8 sik lan<\/strong> an <strong>gr\u00e8s <\/strong>nan fwa ki vin bay on &#8220;<strong>foie gra<\/strong>s&#8221;( <strong>gwo fwa<\/strong>).<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Eks\u00e8<\/strong> <strong>sik<\/strong> lan ka akimile nan<strong> fib optik zye<\/strong> nou, ki ka koz <strong>moun<\/strong> vin <strong>av\u00e8g<\/strong>. <strong>Moun<\/strong> ka devlope <strong>katarak<\/strong>.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Tw\u00f2p sik <\/strong>nan sa ka <strong>akimile <\/strong>nan <strong>at\u00e8<\/strong> ki nan <strong>k\u00e8<\/strong> nou, li ka devlepe <strong>blokaj <\/strong>nan <strong>tib kadyak<\/strong>( <strong>arteres coronaire<\/strong>) ki vin<strong> ogmante risk<\/strong> pou fe <strong>atak kadyak <\/strong>ak <strong>ensifizans kadyak<\/strong>.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Tw\u00f2p<\/strong> sik nan san ka <strong>akimile <\/strong>nan<strong> fib n\u00e8vez<\/strong> yo( <strong>neuropathy diab\u00e9tique<\/strong>), moun konn <strong>pedi sansayon<\/strong> nan<strong> pye<\/strong> yo paske <strong>n\u00e8 <\/strong>yo <strong>domaje<\/strong> ak<strong> sik<\/strong>, le konsa yo pa <strong>santi<\/strong> doule <strong>byen<\/strong>. <strong>Moun<\/strong> ka blese <strong>nan pye<\/strong> san yo pa janm <strong>santi sa<\/strong>. <strong>Blese<\/strong> an ke<strong> enfekte ak mikw\u00f2b<\/strong>, yo rele sa &#8220;<strong>pied diabetique<\/strong>&#8221; le konsa si enfeksyon an<strong> rive nan zo<\/strong>, yo ka oblije <strong>koupe pye<\/strong> an oubyen <strong>z\u00f2tey nan pye <\/strong>ki afkete an avan li <strong>pwopaje nan san<\/strong>.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Tw\u00f2p <\/strong>sik nan san ka <strong>ekimile<\/strong> nan <strong>s\u00e8vo<\/strong>, le konsa li <strong>ogmante risk <\/strong>pou soufri <strong>alzheimer<\/strong>, ak <strong>str\u00f2k<\/strong> ak <strong>demence<\/strong>( <strong>p\u00e8di t\u00e8t<\/strong>).<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Tw\u00f2p sik nan san<\/strong> ki pa<strong> kontwole<\/strong>, pwiske<strong> ko nou<\/strong> paka itilize<strong> sik<\/strong> kom <strong>en\u00e8ji<\/strong>, li komanse etilize <strong>gr\u00e8s<\/strong> tankou<strong> trigliserid<\/strong>(<strong> triglycrides<\/strong>) kom sous en\u00e8ji. Pa konsekan<strong> fwa<\/strong> pwodwi yon <strong>metabolit<\/strong> ki gen menm <strong>strikti <\/strong>ak <strong>aset\u00f2nn<\/strong>. Metabolikman, <strong>Sistem<\/strong> nou pa zanmi ak <strong>aset\u00f2nn<\/strong>. Konsa,<strong> Tw\u00f2p<\/strong> aset\u00f2nn nan san fe <strong>sist\u00e8m<\/strong> nou vin <strong>asid<\/strong> e li mete <strong>str\u00e8ss<\/strong> nan <strong>sist\u00e8m nan<\/strong>, on kondition <strong>metabolik<\/strong> ki rele<strong> ketoacidose diab\u00e9tique<\/strong> (<strong>k\u00f2 moun nan vin asid ak asetonn<\/strong>) ki ka abouti a <strong>koma <\/strong>e <strong>lanm\u00f2.<\/strong> <strong>Kondisyon <\/strong>sa pi komen nan fom<strong> dyabet tip 1<\/strong>. Li <strong>difisil<\/strong> pou moun <strong>rive<\/strong> nan <strong>faz<\/strong> fatal sa ak <strong>dyab\u00e8t tip 2.<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-center\"><strong> KI SENTOM MOUN KI GEN ANPIL SIK NAN SAN GENYEN?<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p><strong>Moun<\/strong> ki gen anpil <strong>sik nan san<\/strong> ki<strong> pa <\/strong>trete prezante yon <strong>kad klinik klasik<\/strong> ki rele<strong> &#8220;l\u00e8 3 P.&#8221;<\/strong><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\">\n<li><strong>Polyurie<\/strong> : sa vle moun nan <strong>urine souvan<\/strong>, se yon fason pou ko nou ka elimine sik<strong> nan pipi nou<\/strong>. Moun sa ka vin dezidrate, <strong>bouch<\/strong> li seche epi <strong>po<\/strong> li<strong> seche<\/strong>.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Polydipsie<\/strong>: Pwiske moun sa<strong> pipi anpil<\/strong>, li f\u00e8 ke li swaf anpil,  konsa li <strong>bw\u00e8 dlo souvan p<\/strong>oul ka ranplase dlo li pedi <strong>nan plede pipi an<\/strong>.<\/li>\n\n\n\n<li><strong>Polyphagie<\/strong>: moun sa <strong>grangou souvan<\/strong>, malgre li <strong>f\u00e8k sot manje<\/strong>, paske ko li paka itilize sik lan <strong>k\u00f2m<\/strong> <strong>en\u00e8ji<\/strong>, <strong>s\u00e8vo <\/strong>an panse se sik ki pa gen <strong>nan san<\/strong> ase, epi li <strong>estimile<\/strong> on dezi <strong>egazajere<\/strong> pou manje pou <strong>jwenn <\/strong>sik. Pou <strong>t\u00e8t<\/strong> sa moun sa<strong> souvan<\/strong> pedi pwa, epi li <strong>santi<\/strong> li pa gen <strong>en\u00e8ji<\/strong>.<\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p><\/p>\n\n\n\n<p class=\"has-text-align-center\"><strong>ESKE TWOP SIK NAN SAN KA TRETE?<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Wi, <strong>tw\u00f2p sik nan sa<\/strong>( <strong>hyperglyc\u00e9mie<\/strong>) ka trete avan li f\u00e8 <strong>dega<\/strong>, oubyen avan li vin tounnen <strong>dyab\u00e8t<\/strong>. Pousa li dwe <strong>dedekte<\/strong> a tan. Yon <strong>tes san<\/strong> glikoz nan san ka p\u00e8m\u00e8t ou konnen <strong>siw f\u00e8<\/strong> <strong>sik wo<\/strong> ou pa. Av\u00e8k yon <strong>glikom\u00e8t<\/strong>( <strong>machin<\/strong> <strong>pou mezire sik rapid<\/strong>) ou ka <strong>detekte<\/strong> ki<strong> nouvo sik<\/strong> ou ye<strong> l\u00e8w<\/strong> fek<strong> leve le maten<\/strong>. Nivo <strong>n\u00f2mal <\/strong>sipoze ant<strong> 70 a 99 ajen<\/strong>. Sil pi wo ke sa ou vle fe yon <strong>t\u00e8s san<\/strong> nan <strong>laboratwa<\/strong> pouw konnen nivo <strong>A1<\/strong>c ki se <strong><em>idatificat\u00e8 dyab\u00e8t<\/em><\/strong>.<\/p>\n\n\n\n<p>An <strong>rezime<\/strong>, Se pal <strong>s\u00e8l manje dous<\/strong> ki ka<strong> monte <\/strong>sik nan san, anpil lot manje tankou <strong>kabohydrat <\/strong>se ypon gwo <strong>akize <\/strong>nan <strong>zaf<\/strong>\u00e8 sik nan san. <strong>Tw\u00f2p sik nan san<\/strong> se yon <strong>pwobl\u00e8m tr\u00e8 komen<\/strong> ki afekte<strong> moun <\/strong>nan tout <strong>laj<\/strong>. Defwa se yon<strong> kondisyon iminit\u00e8 <\/strong>kay <strong>timoun <\/strong>ki koz li, ki se <strong>dyab\u00e8t tip 1<\/strong>. D\u00e8fwa se fason nou manje kisa<strong> rezon<\/strong> ki pi<strong> komen<\/strong> ki fe moun devlope konplikasyon<strong> tw\u00f2p sik nan <\/strong>sa ki se <strong>dyab\u00e8t tip 2<\/strong>. <strong>Egz\u00e8sis<\/strong> ak chanjman<strong> rejim alimant\u00e8<\/strong> se mey\u00e8 fason pou evite <strong>dyab\u00e8t tip 2<\/strong>. Pan setan, pran<strong> piki ensilin <\/strong>pou<strong> lavi<\/strong> se <strong>mey\u00e8 fason <\/strong>pou kontrole diabet tip 1. Manifestasyon klasik<strong> sik wo nan san<\/strong>(<strong>hyperglicemie<\/strong>) prezante ak<strong> &#8220;3 P&#8221; <\/strong>yo, <strong><em>polyurie<\/em><\/strong>, <strong><em>poly<\/em>d<\/strong><em><strong>ipsie,<\/strong> <strong>polyphagie<\/strong><\/em>, e pami konplikasyon ki grav gen <strong>pye dyabetik<\/strong>, <strong>avegleman,<\/strong> <strong>strok<\/strong>, <strong>atak<\/strong> <strong>kadyak<\/strong>, <strong>p\u00e8di tit<\/strong>, ak  konplikasyon <strong>nan ren<\/strong> ak <strong>fwa<\/strong> ak <strong>acidosis diabetique<\/strong> ki ka debouche sou<strong> koma ak lanmo<\/strong> espesylaman nan ka <strong>dyabet tip 1<\/strong>. <\/p>\n\n\n\n<p><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Sik, oubyen &#8220;glucose&#8220;( glikoz), Mezanmi., eskenn konnen nou manje sik chak jou sou tout f\u00f2m? Si yo mande nou ki val\u00e8 sik nou konsomen pa jou \u00e8ske nap konnen? Gen moun ki panse ke yo pa konsomen anpil sik(glucose) paske yo pa manje bagay ki dous, Eske se vre?&nbsp; Younn nan rezon nou souvan pa [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":2,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[1],"tags":[],"class_list":["post-178","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-uncategorized"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/178","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/2"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=178"}],"version-history":[{"count":6,"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/178\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":184,"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/178\/revisions\/184"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=178"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=178"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/word.steevenson.fr\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=178"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}