Gratèl( prurit)
Tande, Grate sou moun se yon wonte…… wi, gratel vle di ou pa benyen……. li vle di ou salòp……. pa kole sou li poul pa baw gratel lan….
Anpil moun ki soufri gratèl souvan konn tande pawòl sa yo nan bouch lòt moun. E anpil fwa pawòl sa yo konn afekte maladif lan mantalman.
Pou tèt gratèl fè zanmitay avèk plizyè lòt maladi ke lòt moun pa konnen apa de pa benyen, e pou tèt grate sou moun dèfwa ka fè moun pase wont, anfen, pou tèt gratèl konn fe mounn gade moun dwòl nan sosyete an, li enpotan pou nou konnen: kisa ki gratèl lan? Ki maladi ki ka koz li? kilè pou nou chèche swen medikal? e kijan li ka trete?
KISA KI GRATEL LAN?
Gratèl : An 1660 yon doktè alman, define gratèl tankou yon sansasyon ki provoke yon anvi ijan pouw grate nenpòt kote nan kòw, enkli pati entim ou. Nan gwo vokabilè doktè, yo rele gratèl “prurit“. Alèkile, ak avansman medsin, yo vin dekouvri ke Kò nou gen kapasite pou pwodwi sibstans ki rele “pruritogen” ( eleman ki provoke gratèl lan). Pami yo gen priritojèn: il 31, il-4, il-13 JAK.
Wap sezi wè ke zafè gratèl lan, se younn nan pwoblèm nan po ki trè frekan. Li se yon pwoblem ki represante 40% nan pami rezon ki fe moun al kay doktè. Li telman frekan, yo menm fe konnen ke kantite moun(40%) ki al kay doktè pou doulè nan do egal a menm kantite moun(40%) ki al kay doktè pou tèt gratèl.
KI MALADI KI KOZ GRATEL?
Pami maladi ki koz gratèl, nou gen:
1) ” Po sèch“, se koz ki pi koni, e ke moun ki gen po sèch ka devlope gratèl rapid, de la tèt o pye. menm jan li trè koni an, li fasil pou trete tou.
2) “Maladi gratèl nan po“. Ki se kondisyon ki soti nan po an selman, sa vle di ke, se pwoblèm nan po an ki pwodwi gratèl lan dirèkteman. Poum site kèk ezanp tankou: gal, inflamasyon nan po( dèmatit), alèji nan po( avek savon, rad, pwodwi chimik), lota, moun ki fe alèji ak medikaman. Moun ki gen ti bèt (ensèk, pinèz, ravet,marigwen) kat mode yo nan kabann.
3) “maladi po ki soti nan lot sistem nan kò an“. Nan ka sa, se maladi ki soti anndan kòw ki vin manifete sou po an ki provoke gratèl lan. Egzanp ki komen nan ka sa se moun ki gen pwoblem nan glann tiroyid( gwo gagann, ak ti gagann), anemi, moun ki gen lesemi, kansè nan san, moun ki gen pwoblem sikyatrik( “moun fou“), pwoblem nan fyèl ak nan fwa. Ak moun ki gen twòp kalsium nan san yo. E Moun ki gen defans yo ki ba. Moun ki gen pwoblèm nan nè yo( newolojik)
KILE POUW CHECHE SWEN MEDIKAL ?
Gratèl ki pèsistan, gratèl ki pa janm kanpe ka anmède kalite lavi moun anpil. yo rele sa “gratèl kronik“. Gratèl sa ka rann laviw san souf menmjan ak on moun kap bezwen lave sanl nan aparèy pou tèt pwoblem ren ki grav(emodyaliz). Lè konsa ou sipoze chèche swen medikal paske gendwa se koz maladi nan san, oubyen nan lòt sistèm nan kò an ki provoke gratèl lan.
Nan sans sa, aplikasyon krèm, ak pomad, lwil, benyen ak fèy, pap ka pase jan de gratèl sa. Ak chans defwa li ka pase pou on ti tan, men apre lap tounen ankò. Pou tèt sa, wap bezwen fe demanch ak doktè pou trete pwoblem anndan kò ou, pouw kontrole tip de gratèl sa.
KIJAN POU TRETE GRATEL ?
Tretman gratèl lan depann de koz lan. Aplikasyon krèm oubyen lwil idratan pandan kèk jou ka rezoud pwoblèm lan sitou lè se po sèch ki koz gratèl lan. Men konsa tou, gratèl kronik konn bay doktè ak pasyan anpil fristrasyon, sitou lè medikaman pou alèji yo pa fonksyone. Tretman avèk lazè, limyè iltravyolè konn ede trete gratèl ki soti nan lòt sistèm nan kò an tankou fwa ak ren.
Malerezman, gratèl ki soti nan pwoblèm sistemik, tankou nan san, fwa ak ren defwa konn pa reponn ak pyès tretman ki egziste sou mache an. Se pou tèt sa yap fè gwo rechèch sou medikaman ki pou atake pruritogen yo(eleman ki provoke gratèl)
Pou konkli, grate sou moun pa sipoze yon wonte…… wi, gratèl pa vle di ou pa benyen.…… li pa vle di ou salòp……. se pa tout gratèl ki kontajye. Gratèl pa yon maladi men plito li se yon manifestasyon de yon pwoblem nan po oubyen nan sistem anndan kò nou.
Anpil fwa nou ka trete gratèl fasil tankou nan ka po sèch, men Moun ki gen gratèl kronik ki pa janm kanpe sipoze wè doktè pou trete koz lan. Konnen ke Li posib pouw pa janm jwenn yon solisyon pou gratèl kronik lan, men, gen espwa ak gwo rechèch ke yap fè pou atake eleman ki provoke gratèl kronik lan, eleman sa yo rele “priritojèn”, pami yo gen “priritojè”: il 31, il-4, il-13 JAK.
La medsin ap fe rechech byen serye pou mete eleman sa yo anba kòd pou ka trete gratèl kronik nan yon fiti pa two lwen.
Dr Lariviere.
Trè bèl information ki trè instruktif ke chak moun supoze konnen konsa yap oriente yo plus sou tèm sa.
wi trè enpotan.
Felisitasyon gen anpil infomasion ki impotan. avek dokiman sa anpil moun ap plis komprann kisa ki gratel la, epi kisa yo fe le yo genyenl.
Rete sou menm lanse a wi li vreman bon doctor
Enfòmasyon yo klè e asimilab pou nenpòt moun kap li atik la. Mèsi pou travay sa Doc! Orgullosa de ti!
Bon travay Dr.
Nan eksperyans pam kòm medsen, mwen jwen anpil moun e trete anpil moun ki soufri maladi gal ( scabies). Byen ke se yon maladi ki souvan asosye ak kondisyon ijienik defisyan, men sepandan anpil nan moun mwen trete yo anpil se moun ki pwòp.
An 2017 mwen rantre nan prizon sivil Jakmel pou m bay kout men kòm medsen. gal te pouri prison an, men mwen ak lot pèsonèl santé tankou enfimyè ki travay nan prison an te rive diminye sa drastikman. Pa bliye maladi sa a fasil pou transmet kote ki gen anpil moun tankou, lekol, gadri, prizon, kan refijye etc.
Très bon travail.
Byen elabore mw twouve sijè a ase enteresan, se pa fasil yo debat tèm sa nan domèn medikal la.
Très importante cette information
Jan de information sa yo gen plas yo nan société a, bon travay Dr. Lariviere
ekselan enfòmasyon ki vo chita pou li bravo dr 👏 👍
yon bon information poun jere sante nou pi bien
Bonsoir Docteur Lariviere ,
Mwen byen renmen ti debat sa sou gratel mwenmse younn nan moun ki te fe experience e maladi sa mpa kache diw fòw gen moral ou ro epi poum byen diw doktè Lariviere li contagieux si se yon moun ki negligan nan propte maladi sa ap fini ak moun sa li tre contagieux men mbyen kontan ti ralemennen vini sa mta renmen ou vini ak lot konsey sou lot maladi anko konsa ma patajel ak lot moun.
Merci Docteur
m byen kontan sije an itil ou Marthine, sa ankouraje mwen kontinye ak travay lan.