Twòp sik nan san( hyperglycémie)

Sik, oubyen “glucose“( glikoz), Mezanmi., eskenn konnen nou manje sik chak jou sou tout fòm? Si yo mande nou ki valè sik nou konsomen pa jou èske nap konnen? Gen moun ki panse ke yo pa konsomen anpil sik(glucose) paske yo pa manje bagay ki dous, Eske se vre? 

Younn nan rezon nou souvan pa konnen kantite sik nou konsome pa jou, se paske Anpil fwa lè nou tande sik(glikoz) nou panse souvan avèk sik de tab lan (sik rafine) oubyen nou panse ak sik ki nan manje ki dous tankou kann ak mango ak sirèt. Men an reyalite sik(glikoz) kache preske nan tout manje, espesyalman nan aliman ke yo rele “hydrate de carbone“( kaboyidrat), yon sous manje ki gen anpil sik ki gen lamidon( Kaboyidrat) ki se yon fom sik pwès ki nan yanm, pòmdete ak bannann, labapen, diri, mayi, ble, farin, bonbon e latriye

Nan sans sa, nou klere je nou pou konprann ke on manje ki pa dous pa vle di kel pa gen sik(glikoz). Alekile, Le fèt ke anpil moun pa enfome sou valè fason sik(glikoz) ka egziste nan manje, li vin fè ke anpil moun ap konsomen on valè sik ki depase kantite sistèm yo bezwen chak jou. Piske nap viv nan yon tan ki fokis sou fè manje fasil a baz de sik( glikoz) pou elimine grangou rapid. Afè sik lan vin tounnen yon gwo dange sosyal pou kantite dega “twop sik nan san”(hyperglycémie) ap fè nan la sante piblik.

Pou tèt sa, li enpotan pou nou konnen Kisa twop sik nan san vle di? Eske twop sik nan san se yon maladi? E Ki fason on moun vin gen twop sik nan san? ki kalite moun ki afekte plis? kijan nou ka evite gen twop sik nan san? Ki konsekans twop sik nan san genyen nan sitem nou? Ki sentom moun ki gen anpil sik nan san genyen? eske twop sik nan san ka trete ? 

KISA TWOP SIK NAN SAN VLE DI?

Nòmalman, tout selil(cellules) nan ko nou bezwen sik(glikoz) kom enèji poul fonksyone sitou selil ki nan sèvo nou ak selil nan nou. Pou tet sa sèvo nou ak kè nou itilize sik 24 sou 24,  konsa nou toujou gen yon kantite sik nomal kap sikile nan san nou ant 77 a 99 miligram pa desilit. Chak le nou manje, lestomak nou etilize asid pou dekonpoze manje an poul jwenn eneji sou fom sik(glucose). Le sik sa rantre nan san nou li monte kantite sik lan pi wo ke 99, tankou 180 oubyen 300, depandan de kantite sik manje an genyen. Rapidman gen yon ògann ki rele “pancreas” ( pankrea), depil we sik lan monte nan san nou li pwodwi yon òmònn(sibstans) ki rele insuline (Ensilin). Ensilin lan sevi kòm kle pou ouvè pòt selil yo pou nou ka itilize sik lan kom enèji. Espesyalam nan sèvo ak an nou, epi tout javrèt( muscles) kò nou.

Travay pankrea se pwodwi ensilin a travè “selil Beta” ( cellules Beta) chak le nap manje pou li ka desann e kenbe sik nan nivo ki pa danje pou ko nou. Gen sitiyasyon kote moun manje twòp kabohidrat( lamidon) ki fe sik la toujou wo nan san chak jou jiskaske selil nan ko nou vin fe rezistans ak Ensilin, le konsa ensilin paka ede sik lan antre nan selil sèvo ak ak jevrèt. sik la kounya ki pa jwenn kote poul ale li rete ap sikile nan sa ak yon nivo ki byen wo e ki danjere, le konsa nou etabli on kondisyon yo rele sik wo oubyen twòp sik nan san (hyperglycémie) ki ka abouti a “diabetes“( diabèt), maladi sik

KI FASON ON MOUN VIN GEN TWOP SIK NAN SAN?

Kòm nou konnen Pankrea jwe on ròl enpotan nan kontrole e kenbe kantite sik kap sikile nan san nan valè nòmal. Poutèt sa pifò pwoblèm twòp sik nan san gen pou wè avèk yon pwoblèm ki egzizte nan pankrea . Konsa gen 5 fason nou ka fe sik twò wo(diabètes).

  1. Premye fason malerezman se moun ki fet ak yon pankrea ki pa ka pwodwi ensulin, oubyen on pankrea ki pa pwodwi ase insulin. Yo rele sa dyabèt tip 1. Kisa yon tip de twòp sik nan san ki egziste depi lè timoun nan fèt. Kote ke selil sistèm defans( sistèm iminitè) ko nou atake “silil Beta” nan pankrea. ki fe ke “selil Beta” yo mouri nan pankrea epi yo poko pwodwi ensilin. Tip diabet sa rele insilin depandan, sa vle di Moun sa bezwen pran piki ensilin pou tout lavi li. Moun sa konn devlope “pied de charcot” kote afketasyon yo ak zo atikilasyon pye moun nan.
  2. Dezyèm fason moun ka fè twòp sik nan san, se lè ke pankrea travay twòp le yon moun gen yon rejim alimante ki rich ak kaboyidrat, nou telman pwodwi anpil ensilin pou ranje sik nan san jiskaske sistèm nou devlope rezitans ak efè ensilin nan selil yo. Yo rele sa dyabèt tip 2, ki se yon dyabèt kote ke ensilin lan paka ouvè pot selil yo pou sik ka antre, konsa sik lan akimile nan san rive jiska 800 dèfwa. Dyabèt Tip 2 an pi komen kay granmoun, e nan ka sa, pankrea pwidwi ensilin men selman nou pa ka itilizel pou konsome sik kom eneji.
  3. Twazyèm fason, se kay fi ki ansent, ki gen sik wo pou la premye fwa pandan yo ansent jiskaske yo akouche. Epi malerezman apre yo akouche sik lan toujou rete wo li pa janm desann anko. yo rele sa diabèt jestasyonal ( diabètes gestasionelle).
  4. katriyèm tip lan rele “MODY” ( maturity onset diabetes of the young) Piske tip 2 an pi koman kay granmoun pou tet fisiopatoloji an, le yo jwenn li tip 2 an prezante nan jènn moun yo rele li “MODY“. MODY an pa monte sik lan wo nan yon kantite ki danjere, paske le pli souvan jenn moun sa gen yon pwofil fizik nòmal ak pwa nòmal epi yo pa manifste sentom tipik sik wo nan san.
  5. Senkyèm tip lan se “LADA” ( late onset diabetes of the adults) Piske diabet tip 1 an koman kay timoun plis, lè li prezante kay granmoun nan yon laj avanse yo rele sa “LADA” ki se yon tip de sik wo ki pataje menm fisiopatoloji diabet tip 1 an. Si nou raple nou dyabèt tip 1 an toujou prezante kay timoun men nan ka sa li manifste kay granmoun ak menm karateristik klinik tip 1 an. Tankou on bagay ki barew nan wout a yon laj san atann. Se pou tèt sa yo relel “LADA“.

ESKE TWOP SIK NAN SAN SE YON MALADI?

Twòp sik nan san (hyperglycémie) pa souvan yon maladi, men si twòp sik nan sa pa korije li ka vin konplike a yon maladi ki rele “dyabèt“, kise yon kondisyon kote twòp sik nan san fè selil( cellules) yo vin rebèl ak ensilin, malgre pankrea pwodwi ensilin lè nou fin manje, ensilin lan pa ka ouvè pot silil yo(membranes cellulaires) pou sik lan ka antre annda selil lan(cytoplasme) poul itilize sik lan. Le kosan sik lan rete nan san lap monte pil sou pil. Le nou cheke sik nan san nou li ka men wote nan 300 a 500 defwal konn piwo 800. Alèkile, yo rele diabet ki reziste ak ensilin. Kòm globil rouj nan san atache ak glucose sou fòm HBA1c( Hemoglobine A1c), yo ititilze pousantaj sik ki atache avek globil rouj pou konnen ki kantite sik ki sikile nan san, nivo nomal lan se mwens ke 5.6%. Lè nivo A1c ant 5.6% a 6.4% yo rele sa Prediabètes oubyen atak dyabèt. Dyagnostik Dyabèt etabli le nivo A1c an igal ou plus a 6.5%.

 KI KALITE MOUN KI AFEKTE AK TWOP SIK NAN SAN?

Moun ki a risk pou devlope twòp sik nan san se moun kap manje anpil kabohydrat, ak pi ki pa fè spò, moun ki obez, moun ki ap pran steroid, moun ki ansent, moun gen anpil stress, moun ki gen manje depase le yo strese. Moun ki manje twop bagay dous, moun ki gen pwoblèm nan pankrea direkteman.

KIJAN NOU KA EVITE GEN TWOP SIK NAN SAN?

Glikoz(sik) se tankou gaz li ye pou ko nou. Sa vle di san Glikoz( sik) nou pap gen eneji ak fòs ke sistèm nou bezwen pou fonksyone. Antou, se sèl nan manje nou ka jwenn sik( glikoz) pou nou fonksyone. Se sak fe nou bezwen manje chak jou pou nou ka bay sistem nan sik pou li ka travay. Le nou manje epi nou pa egzesis ko nou konseve sik lan sou fòm grèss epi on pati nan sik lan rete akimile nan san. Konsa, meye fason pou evite soufri twop sik nan san se chanje rejim alimantè nou, manje mwens kaboyidrat epi sak pi enpotan se fe egzèsis pou ede selil yo itilize sik kap sikile nan san kom enèji.

KI KONSEKANS TWOP SIK NAN SAN GENYEN NAN SISTEM NOU ?

konsekans twòp sik nan sa apa de dyabèt, sik la ka akimile tout lòt kote nan ko an lèl twò wo nan san.

  1. Twòp sik nan san ka vin akimile nan fwa an grand kantite, li vin koz enflamayon nan fwa ki rele “Hepatites” ( fwa anflame), anplis fwa konveti eksè sik lan an grès nan fwa ki vin bay on “foie gras”( gwo fwa).
  2. Eksè sik lan ka akimile nan fib optik zye nou, ki ka koz moun vin avèg. Moun ka devlope katarak.
  3. Twòp sik nan sa ka akimile nan atè ki nan nou, li ka devlepe blokaj nan tib kadyak( arteres coronaire) ki vin ogmante risk pou fe atak kadyak ak ensifizans kadyak.
  4. Twòp sik nan san ka akimile nan fib nèvez yo( neuropathy diabétique), moun konn pedi sansayon nan pye yo paske yo domaje ak sik, le konsa yo pa santi doule byen. Moun ka blese nan pye san yo pa janm santi sa. Blese an ke enfekte ak mikwòb, yo rele sa “pied diabetique” le konsa si enfeksyon an rive nan zo, yo ka oblije koupe pye an oubyen zòtey nan pye ki afkete an avan li pwopaje nan san.
  5. Twòp sik nan san ka ekimile nan sèvo, le konsa li ogmante risk pou soufri alzheimer, ak stròk ak demence( pèdi tèt).
  6. Twòp sik nan san ki pa kontwole, pwiske ko nou paka itilize sik kom enèji, li komanse etilize grès tankou trigliserid( triglycrides) kom sous enèji. Pa konsekan fwa pwodwi yon metabolit ki gen menm strikti ak asetònn. Metabolikman, Sistem nou pa zanmi ak asetònn. Konsa, Twòp asetònn nan san fe sistèm nou vin asid e li mete strèss nan sistèm nan, on kondition metabolik ki rele ketoacidose diabétique (kò moun nan vin asid ak asetonn) ki ka abouti a koma e lanmò. Kondisyon sa pi komen nan fom dyabet tip 1. Li difisil pou moun rive nan faz fatal sa ak dyabèt tip 2.

KI SENTOM MOUN KI GEN ANPIL SIK NAN SAN GENYEN?

Moun ki gen anpil sik nan san ki pa trete prezante yon kad klinik klasik ki rele “lè 3 P.”

  1. Polyurie : sa vle moun nan urine souvan, se yon fason pou ko nou ka elimine sik nan pipi nou. Moun sa ka vin dezidrate, bouch li seche epi po li seche.
  2. Polydipsie: Pwiske moun sa pipi anpil, li fè ke li swaf anpil, konsa li bwè dlo souvan poul ka ranplase dlo li pedi nan plede pipi an.
  3. Polyphagie: moun sa grangou souvan, malgre li fèk sot manje, paske ko li paka itilize sik lan kòm enèji, sèvo an panse se sik ki pa gen nan san ase, epi li estimile on dezi egazajere pou manje pou jwenn sik. Pou tèt sa moun sa souvan pedi pwa, epi li santi li pa gen enèji.

ESKE TWOP SIK NAN SAN KA TRETE?

Wi, twòp sik nan sa( hyperglycémie) ka trete avan li fè dega, oubyen avan li vin tounnen dyabèt. Pousa li dwe dedekte a tan. Yon tes san glikoz nan san ka pèmèt ou konnen siw fè sik wo ou pa. Avèk yon glikomèt( machin pou mezire sik rapid) ou ka detekte ki nouvo sik ou ye lèw fek leve le maten. Nivo nòmal sipoze ant 70 a 99 ajen. Sil pi wo ke sa ou vle fe yon tès san nan laboratwa pouw konnen nivo A1c ki se idatificatè dyabèt.

An rezime, Se pal sèl manje dous ki ka monte sik nan san, anpil lot manje tankou kabohydrat se ypon gwo akize nan zafè sik nan san. Twòp sik nan san se yon pwoblèm trè komen ki afekte moun nan tout laj. Defwa se yon kondisyon iminitè kay timoun ki koz li, ki se dyabèt tip 1. Dèfwa se fason nou manje kisa rezon ki pi komen ki fe moun devlope konplikasyon twòp sik nan sa ki se dyabèt tip 2. Egzèsis ak chanjman rejim alimantè se meyè fason pou evite dyabèt tip 2. Pan setan, pran piki ensilin pou lavi se meyè fason pou kontrole diabet tip 1. Manifestasyon klasik sik wo nan san(hyperglicemie) prezante ak “3 P” yo, polyurie, polydipsie, polyphagie, e pami konplikasyon ki grav gen pye dyabetik, avegleman, strok, atak kadyak, pèdi tit, ak konplikasyon nan ren ak fwa ak acidosis diabetique ki ka debouche sou koma ak lanmo espesylaman nan ka dyabet tip 1.

Tou Bouboun avèg ( blind vagina) Vagin aveugle.

Nan tan kounya, afè sèks diferans se yon gwo defi pou jènn gason kap cheche fi ki natirèl pou fè fwaye. Pou konnen kilè yon fi se yon fi natirèl se yon gwo defi. Men, pou konnen kilè yon tou bouboun wè oubyen kilè yon tou bouboun pa (avèg), se yon pi gwo defi toujou. Afè tou bòbòt avèg lan se yon sijè ki te fè anpil pale anpil sitou le yo te fin dekouvri ke bèl fanm ki te jwe fim “true lies” avek Arnold Schwarzenegger an te soufri yon kondisyon ki fèl fome yon tou bòbòt ki pa wè (vajen avèg).

Pou tèt kondisyon sa poze anpil tripotay, pou tèt tou bouboun avèg gen yon enpak sikolojik e sosyal ak stigma ki tankou bwa kale pou moun ki viktim de kondisyon sa. Li enpotan pou mwen pote limyè nan blakawout sosyal sa. Nan liy sa yo, nou pral aprann kisa ki ” tou bòbòt avèg“? Kisa ki fè on moun gen tou bòbòt avèg? Eske moun ki gen tou bòbòt avèg konsidere kòm fi oubyen kòm gason? Kijan pou sispèk tou bòbòt avèg? Eske gen tretman pou tou bouboun avèg?

KISA KI TOU BOUBOUN AVEG LA?

Nòmalman, pati entim (jenital) on fi divize an 2 pati, gen yon pati deyò ki rele bouboun( vulve) ak on pati anndan ki rele tou bouboun( vagin). Pati jenital dwe koneke ak sistem reprodiktif( sistem pou fè pitit). Sistèm repwodiktik (pou fè pitit) lan fome ak matris( uterus), twomp yo( trompe de fallope) epi ovè yo( ovaire). Tou bouboun nan ouvè zye li sou matriz lan poul ka e konekte ak sistèm repwodiktif lan. Se apati de koneksyon sa ke spèm yo ka naje ale jwenn ze(ovule) ki chita nan twomp lan . Chak lè sistèm reprodiktif lan pa jwenn spèm nan tou bouboun kap gade matris lan pou fè pitit. Ebyen, sistèm nan fè matris lan degrade e jete san( hemorragie) ke li te sere pou fè pitit lan sou fòm règ( menstruation). Atò, alèkile, yon tou bouboun avèg, se yon tou bouboun ki pa koneket ak matris lan( uterus) oubyen ki pa jwenn matris poul konekte avel, piske tou bouboun sa pa wè/pa jwenn matris lan, li pa ka koneke ak sistem repwodiktif lan. Yo rele sa: “Tou Bouboun avèg ( blind vagina) Vagin aveugle“.

KISA KI FE ON MOUN GEN TOU BOUNBOUN AVEG?

Moun ki gen tou bouboun avèg se moun ki gen yon kondisyon ki rele “sendrom ensansib ak androjèn” (syndrome d’insensibilité aux androgènes). Androjèn se òmonn( protein) ki ede gason vin gason tout bon. Se òmonn sa ki fè gason gen vwa gason, ki fè gason gen koulout( penis) ki byen devlope, ki fe fòm gason byen trase ak gwo zo miskle. Lè ke yon moun pa sansib ak androjèn( pa reaji ak androjèn) li fè ke moun nan parèt tankou fi tout bon e li fè penis( koulout) pa devlope, nan plas koulot se bouboun ki fome epi li fè moun nan kanpe byen trase tankou fi ak bèl po swa, ak bèl cheve, bèl vwa ak tete nòmal.

ESKE MOUN GEN TOU BOUBOUN AVEG KONSIDERE KOM FI OUBYEN KOM GASON?

Genetikman palan on gason gen 2 kromozom kise yon X ak yon Y, gason =(XY). E yon fi gen 2 kromozom yon X ak yon lòt X, fi = (XX). Moun ki gen tou bouboun avèg(sendrom ensansib ak androjèn) gen kromozom XY = gason. Men yo gen kò fi, vwa fi, cheve swa, bèl po, gwo tete, epi yon ben bouboun(vulve) nomal ak tou bouboun(vagin) san matris( uterus), san sistèm repwodiktif paske yo pa reaji ak androjèn. Yon egzanp trè fame de moun ki gen tou bouboun avèg akoz de sendrom ensansib ak androjèn se “Jamie Lee Curtis” nan “true lies“. Konsa tou gen fi =XX ki gen tou bouboun avèg akoz de yon kondisyon ki rele “Agénésie müllérienne“. Lè se fi an fèt san matris oubyen ak on matris ak tou bouboun ki piti( mal devlope). Fi sa souvan gen menm pwoblèm ak yon gason ki gen sendrom ensansib ak androjèn.

KIJAN POU SISPEK TOU BOUBOUN AVEG?

On moun ki gen tou bouboun avèg akoz de sendrom ensansib ak androjèn pa janm gen plim sou kòl, ni anban bral, ni nan bouboun li. Androjèn pèmèt gason gen plim sou kò, se sak fe gason gen plis plim sou kò pase fi, paske gason gen anpil androgèn. Se menm jan tou le fi gen twop androjèn li fè fi an gen anpil plim sou kò tankou gason, fi an menm konn gen bab nan figi tou, yo rele sa isitism (hirsutisme). Piske moun ki gen tou bouboun aveg pa reaji ak androjèn, yo pa ka pouse plim pyès kote sou kò yo. Anplis, Moun ki gen tou bouboun avèg pa janm gen règ, ni yo pa janm ka fè pitit. Yo souvan gen doulè lè ap fè bagay(sex). Yo plenyen pou anba ti vant ba lè yap fè bagay, paske yo pa gen matris epi tou bouboun nan konn kout, pou tèt sa se pa tout longè koulout(penis) yo ka tolere.

ESKE GEN TRETMAN POU TOU BOUBOUN AVEG?

Pa gen tretman pou tou bouboun avèg men yo rekomande anpil sipo sikolojik pou moun ki fe sendrom ensansib ak androjèn. Paske moun sa toujou nan yon konfli san fen. Sil di li se gason yo mande kote koulout li ak pòtre gason li. E sil di li se fi yon mande kote matris ak règ li, e koman fè li XY sil se fi. Konsa, Li vin tounen yo gwo defi sosyal ak fristrasyon sikolojik pou moun ki gen tou bouboun aveg ranpli devwa gason lè yo pa gen koulout, oubyen ranpli devwa fi lè yo pa gen règ ni paka fè pitit. An pasan, Sou chak 20000 gason gen 1(younn) ki gen tou bouboun avèg akoz de sendrom ensansib ak androjèn.

REFLEKSYON

Malgre leve defi nan diferans sèks pou kreye fwaye rete yon kalòt nan lespri jenn gason ak jenn fi, nap aksepte konprann ke, tou bouboun avèg asossye avek sendrom ensansib ak androjèn. Yon kondisyon ki fe yon gason (XY) gen kò fi ak tou bouboun ki pa konekte ak okenn aparey repwodiktif. Moun sa pap ka fè pitit, ni li pap gen règ, ni plim sou . Anplis, fè bagay ka trè enkonfotab pou moun ki gen tou bòbòt avèg. Nou pa dwe janm konfonn tou bouboun avèg kay fi (XX) ki asosye avèk ajenezi milaryèn ( Agénésie müllérienne) kote ki fi an fèt san matris oubyen li fèt ak on matris e tou bouboun ki piti. Fi ki gen tou bouboun avèg gen menm pwoblèm sosyal e sikolojik ak gason ki gen tou bouboun avèg. Moun sa yo toujou bezwen gwo sipò sikolojik ak sosyal pou yo ka alèz nan po yo. Raple nou ke moun sa yo, se pa yon chwa ke yo fè pou gen tou bouboun avèg, men se konsa yo fèt, se konsa granmèt la kreye yo.

Dr Lariviere.

Ronflement ( Wonfleman)/ Wonfle

Ooooo mezanmi, Nèg/fanm sa tèlman wonfle li enpechem domi aswè. Eeeeee, m poko janm yon moun wonfle konsa………… se pa posib, li genlè ak goumen ak move espri nan domi ki fè lap wonfle konsa……….. Papam te konn wonfle wi men, se pa nan eta moun sa, o o………Franchman, m renmen mennaj mwen anpil men, on sèl bagay, li wonfle anpil, dèfwa li tèlman ronfle m’oblije al dòmi nan salon an pou kont mwen.

Sa yo nou sòt tande la yo, se jis on tikal pami kantite pleyen ki egzite sou koze wonfleman. An reyalite, sijè wonfleman se gwo tèt fè mal sosyal pou anpil moun. Yo fe konnen gen 90 milyon ameriken nan USA ki gen pwoblem sa. Lè sa pa yon mennaj, se yon moun nan fanmi an oubyen on zanmi ki wonfle. Souvan, e malerezman, se toujou moun ki pa wonfle an ki viktim plis de wonfleman an. Lè konsa pwoblèm wonfleman konn kraze relasyon, li kraze zanmitay, li konn mete fanmi do za do chak lè solèy kouche, sitou si moun kap wonfle an pa admèt ke li wonfle anpil, ni aksepte chèche swen medikal pou ede konprann e trete pwoblèm sa. Enpak sikolojik, sosyal ka fatal pou moun ki wonfle(wonflè). Konsa tou, pou moun ki pa wonfle, Li vin yon gwo defi pou viv ak on moun kew bezwen nan lavi ou moun sa se yon wonflè sovaj.

Ebyen pou tout pwoblèm sa yo, sijè sa merite yon atansyon espesyal pou konnen: Kisa ki wonfleman ?Poukisa moun wonfle? Eske wonfleman se yon maladi? Eske moun kap ronfle soufri lè yap domi? Eske gen remèd pou moun ki wonfle? Ki pwoblèm moun kap wonfle ka devlope pi devan sil pa janm trete?

KISA KI RONFLEMAN?

An jenaral, yo define wonfleman kom yon pwoblèm ki ratresi espas ki pemèt pasaj lè nan gòj lan padan somèy. Sa vle di espas nan gòj vin telman piti nan yon nivo, li fè an vin ap goumen ak gòj lan poul travèse desann nan poumon yo lè nap domi.

POUKISA MOUN WONFLE?

Respirasyon se yon mannigèt ki gen 2 faz, oubyen 2 tan. Yon premye faz kote lè an pase nan 2 tou nen yo, travese gòj epil desann nan poumon yo, yo rele sa ” faz enspirasyon“. Epi yon dezyèm faz kote lè soti nan poumon, monte travese gòj, pou soti deyò nan 2 tou nen yo, yo rele sa “faz ekspirasyon“.

Wonfleman manifeste nan “faz enspirasyon” an. Moun wonfle se le gen yon ratresisman nan espas gòj lan pandan moun nan fon somèy a koz de chanjeman poziyon, fòs jèvrèt(tonus musculair), gòj twò pwès( hypertrophy de tissue mous), mòlòlò, lage kò(laxité). Nan kondisyon sa yo, lè an kap pase nan gòj lan souke e vibre lalwèt(la luette) lan. Lalwèt se yon ti sak long bonbe ki pandje nan gòj lan. Se Vibrasyon lalwèt lan lè moun nan ap enspire nan domi ki kreye son ke nou rele “wonfleman”.

KI KALITE GROUP MOUN KI SOUVAN WONFLE?

Kalite moun ki wonfle se moun ki gen gwo kou, moun ki obèz, moun ki gen gwo gòj, moun ki sou( ak kleren) kap domi kò mòlòlò , moun ki gen pwoblèm sinizit oubyen zo nen kwochi( nen bouche), moun ki gen gwo lalwèt, moun ki gen gwo amigdal, moun ki fimen, moun ki pran medikaman pou yo ka dòmi mòlòlò. Moun ki fatige anpil lè yo sot travay ki dòmi kò lage ak fatig, mòlòlò (laxité). Moun ki fèt ak gwo lang.Moun ki antre nan laj avanse( granmoun) paske jèvrèt yo vin fèb avèk letan. Moun ki sansib ak Tanperati ki frèt, epi moun ki strese.

ESKE WONFLEMAN SE YON MALADI?

Nan medsin yo konsidere wonfleman senp( san lòt pwobkem sante) kòm yon pwoblèm sosyal olye de yon pwoblèm klinik( maladi). Sa vle di on moun ki wonfle selman(senpleman) pa konsidere kòm on moun ki malad. Men, si wonfleman akonpaye de lòt pwoblèm tankou etoufman nan somèy, sa vle di ke moun nan sispann respire(oksijènn oubyen lè pa traseve) padan kelke sekond nan fon somèy. Nan ka sa yo konsidere moun sa soufri de yon kondisyon grav e serye ki rele “toufe nan domi” oubyen “etoufmand somèy” ( apnée du sommeil).

ESKE MOUN KI RONFLE SOUFRI LE YAP DOMI?

Moun ki sèlman ronfle pa soufri lè yap domi paske lè an (oksijenn) pase nan gòj lan kan menm, byen ke gen difikilte nan pasaj lè an akoz de ratresisman gòj lan ki vin kreye vibrasyon lalwèt souke anpil (wonfleman). Men, piske lè an goumen pou pase nan gòj, ak anpil travay jèvrèt, li posib pou moun ki wonfle sovaj santi yo fatige lè yo leve, yo konn santi bouch yo sèch.

ESKE GEN REMED POU MOUN KI WONFLE ?

Malerezman pa gen yon remèd(medikaman) espesyal pou moun ki wonfle. Kèk medikaman yo te konn itiize pa fonksyone vre, sak fè li difisil pou trete kondisyon sa ak medikaman. Men gen kèk zouti ak manniget moun ka itilize pou ede elimine oubyen amelyore wonfleman. Pami bagay sa yo:

1) Tretman ki fèt avèk lazè ki retire enpen chè(tissus) arebò gòj lan pou kreye plis epas pou lè pase, ENT spasyalis ( doktè ki spesyalize nan gòj, nen ak zòrèy, oubyen otorhinolaryngologie) pratike sa.

2)Injection Snoreplasty” ( Piki pou geri wonflema) lèw voye lang ou dèyè gòj ou, ou ka santi on pòsyon byen mou ki rele (palè mou) avan ou jwenn lalwet lan. Pati mou sa se li ki kontinye nan goj lan poul pandje e konveti an lalwèt. Ebyen nan Injection Snoreplasty ( Piki pou geri wonfleman) yo enjekte yon likid nan palè mou an ki vin fè li di( rèd) tankou yon zo, le fèt ke li rèd li fè lalwèt lan rèd tou nan yon pwen li paka vibre nan faz enspirasyon, konsa moun nan tou sispann wonfle. Se doktè ki spesyalize nan gòj, nen ak zòrèy, oubyen otorhinolaryngologie) ki konn bay piki sa.

3)pèdi pwa enpotan pou moun ki obèz, oubyen moun ki gen BMI plis ke 30. egzèsis ak chanjeman dayèt ka amelyore wonfleman. Evite manje lè domi rive. kite 3 zèd tan pase avanw al domi lew fin manje.

4)Sispann bwè kleren avan dòmi. Kleren ogmante enflamasyon nan kòw, espesyalamn nan gòj ak nen epi li fè lang ak lalwet mòlòlò.

5)Dòmi sou bò gòch, posisyon sa kenbe pasaj gòj lan ouvè, ak zorye ki leve kou ak tèt pandan figi pozisyone anba tou piti . Evite dòmi sou do, pou sa, Sekirezi do ak zorye pou pa vire sou do nan domi. Moun ki soufri atwoz nan kou ( spondylarthrite cervicale) pap ka pratike modèl sa.

6) Meditasyon avek egzesis dyafragmatik( respirasyon) konn ede, medikaman natirel pou ede debouche nen konn ede tou tankou ( Siro myèl natirèl, sitron melanje ak zonyon) ak Te jenjann ka ede diminye enflamasyon nan gòj ak nen. Avanw domi fe egzesis respirasyon altène( bouche on nen respire nan lot lan pandan kelke sekond epi repete menm bagay lan ak lot nen an), sa ap pèmèt ou konnen kantite lè ak ak kalite lè ki ka pase nan nen yo avanw al domi.

7) Terapi aromatik, Respire oubyen pran sant lwil aromatik ( bon sant) ki ede elimine enflamasyon nan nen ak gòj. Takou lwil ekaliptis. Itilizasyon pansman sou do nen ( bandelette nasal) konn efektif pou trete nen bouche tou.

8) Evite medikan pou fèw domi, yo rele sa sedatif( ki fe kò an mòlòlò). Nenpòt medikan ki ede domi ka pwodwi oubyen agrave wonfleman.

9) Yo konn rekòmande chiriji pou yo ka ouvè plis espas pou gòj oubyen gagann pou pèmèt lè an pase pi fasil, men anpil fwa chiriji pa amelyore kondisyon an. Pou tet sa li difisil pou yo fè chiriji pou moun ki soufri de wonfleman senp selman. Men, Chiriji ka ede anpil tou, lè wonfleman senp lan soti nan pwoblèm nan nen, tankou moun ki ge twòp chè nan nen (adénoide nasal), moun ki gen pwoblèm nan zo anndan 2 tou nen yo( déviation ou deformation de la cloison nasal). anpil fwa wonfleman rezoud(geri) aprè yo korije pwoblèm nen nan ka sa yo.

KI PWOBLEM MOUN KAP WONFLE KA DEVLEPE PI DEVAN SIL PA JANM TRETE?

Si wonfleman pa janm trete li ka vin konplike an etoufmand somèy( apnée du sommeil). Moun ki wonfle ka fe tès pou detemine kijan somèy afkete sante lè yap wonfle. Li vreman enpotan pou moun ki wonfle cheche konsiltasyon pou evalye kalite somèy li. Li enpotan pou wonflè pase yon tès ki rele Polysomnographie(tès somèy). Lè konsa yo ka detèmine si wonfleman afekte kalite somèy lan. Sa ki pi grav, se ke, on moun ki wonfle e ki soufri etoufmand somèy sovaj( sevère) gen posibilite pou li mouri nan domi. Paske etoufmand somèy ogmante posibilite pou soufri ensifizans kadyaj( kè san fòs, tikè), li bay pwoblem konsantrasyon, fatig lajounen, fe moun ap domi sou moun sa atann lajounen, fe moun fe move san fasil, fe moun pa gen enèji. Se pou tèt sa yo konsidere pou tout moun ki wonfle fe yon Polysomnographie(tès somèy) pou detekte etoufmand somèy bonè.

REFLEKSYON

Pou rezime, se pa move lespri ki fè moun wonfle. Men si pito chanjeman poziyon, fòs jèvrèt(tonus musculair), gòj twò pwès( hypertrophy de tissue mous), mòlòlò, lage kò(laxité) ki koz yon ratresisman nan espas gòj (kote pou lè an pase) e ki vibre lalwèt lan nan faz ensperasyon pandan moun nan fon somèy. Gramoun, moun ki obèz, moun ki strese, fatig, moun ki bwè kleren, etc.. fè pati group moun ki souvan wonfle. Byenke, wonfleman pa yon maladi men, enpak wonfleman sovaj telman brital sosyalman ke li enpotan pou chèche atansyon medikal pou konprann rezon wonfleman an ak tretman apwopriye. Wonfleman pa gen medikaman, men gen anpil zouti ak mannigèt pou korije li. Konsekaman, Tout moun ki wonfle dwe konsidere yon Polysomnographie(tès somèy) pou etidye enpak wonfleman sou kalite somèy lan ak konplikasyon tankou etoufmand somèy ki se yon kondisyon grav ki ka debouche sou dè konsekans letal.

Dr. Lariviere

Maklouklou ( hydrocèle)

Anpil moun panse maklouklou( grenn anfle) se 2 boul grenn gason an(testicules) ki anfle. Men, èske se vre?……..Anpil moun kwè ke lè gason fè makloukou se èni(grenn anfle) yo genyen, èske se vre?

Trè souvan, maklouklou konn afekte yon gason fizikman, jan li mache, jan li chita, ak tip de rad li ka mete, epesyalman patalon. Pou tèt sa, li fè ke li difisil pou yon gason kache kondisyon sa sitou lè makloukou an gwo anpil. Le fèt ke maklouklou mal pou kache, li vin tounnen yon sijè piblik ke lòt moun ka obsève e opine de gason ki soufri maklouklou an. Souvan, nap tande moun di: oooo, se movan ki fè boul grenn lan anfle konsa,….oubyen, se yon fi li te kouche epi yo fèl kite frekan pou tèt lal mache di sa. Oubyen….se twòp chay ki lou li leve ki fè boul grenn li anfle konsa. Oubyen.. èni li soufri ki fè boul grenn li yo anfle konsa.

Pou tèt jan de kwayans sa yo. Li enpotan pou nou konnen kisa ki maklouklou?Konbyen tip de maklouklou ki genyen? Kijan moun gen maklouklou? kimoun ki ka maklouklou? èske maklouklou ak èni se menm bagay? kisa moun santi le yo gen maklouklou? Eske maklouklou ka trete?

KISA KI MAKLOUKLOU AN?

Maklouklou fome se le gen twòp dlo ki koule e akimile nan sak(srotum) ki kenbe boul grenn yo( testicules).

Avan 2 boul grenn yo abite nan sak ki nan mitan 2 kwis gason an(scrotum). yo te lokalize nan vant, piske se nan vant gason de boul grenn yo fòme. De boul grenn yo(testicules) sipoze desann soti nan vant pou yal nan sak ki nan mitan 2 kwis gason an gras a yon zanmi ki rele “koulwa bouboun” oubyen “koulwa vaginal” (Processus vaginal).

“Koulwa vajinal” : Bon, imaje koulwa bouboun nan tankou yon ze ki nan pla men nou, e ke nou kenbe ze an menm jan nou kenbe yon ponyen dlo nan men nou pou li pa koule , epi imajine, nap desann ze an nan yon sache sanl pa kraze ni tonbe nan men nou.

Avek analoji sa, ze an reprezante testikil yo( 2 boul grenn gason) ponyèt nou ak men nou ki kenbe ze an reprezante “koulwa vajinal lan“(Processus vaginal), anndan ponyèt nou, olye de zo, se dlo ki anndan men nou( koulwa vajinal). Likid ki anndan koulwa vajinal lan( men nou) rann koulwa vajinal lan mou e swa poul ka pase byen fasil nan yon kanal ki rele kanal enginal. kanal sa lokilize kote kwis nou avèk vant nou kole ansanm( fant janm). Nan langaj zuzu yo rele fant janm nan “Lènn“( l’aine).

Raple nou ke koulwa vajinal lan gen likid(dlo) anndan li, e li volè likid(dlo) sa nan vant lan. Lè timoun fenk fèt, 80% pwa timoun se dlo selman ki fèl. pou tèt sa koulwa vajinal lan sipoze fèmen nan premye lane de vi timoun, poul enpeche twòp dlo(likid) nan vant kontinye koule anndan koulwa bouboun nan.

Ebyen, le koulwa vajinal lan pa femen, li kite dlo kontinye koule ladann, tout dlo sa oblije akimile nan men ki kenbe ze(koulwa vajinal) anndan sak boul grenn nan(scrotum), jis li fòme sa ki rele maklouklou an(hydrocele) kay timoun.

KONBYEN TIP DE MAKLOUKLOU KI GENYEN?

Jeneralman, gen 2 tip de maklouklou. Makloukou ki rete an kominikasyon ak vant nou, ak maklouklou ki pa rete an kominikasyon ak vant nou.

1)Premye tip makloukou an, kise makloukou ki rete an kominikasyon ak vant. nan ka sa koulwa vajinal pa femen pandan premye lane de vi timoun nan, sa fe ke anpil dlo ki nan vant lan vin akimile nan men ki kenbe ze(koulwa vajinal) ki nan sak boul grenn nan( scrotum). Makloukou sa konn varye nan gwosè, li konn rete li anfle tankou yon balon foutbòl.

2)Dezyèm tip de maklouklou an se yon maklouklou ki pa rete an kominikasyon ak vant. kote ke lè men an(koulwa vajinal) ki kenbe ze an(testikil) tap desann ak ze an(testikil) nan sache an(scrotum) li te desann avek on kantite dlo anndan men an( koulwa vajinal) men apre li fin desann nèt, li pa kontinye bwè dlo nan vant lan.

Konsa, Gwose maklouklou sa pral depann de katite dlo ki desann nan sak grenn lan avan koulwa vajinal femen. Sil desann on gwo kantite dlo ebyen lap fe on “gwo maklouklou“, konsa sil desann ak on tikal dlo tou, lap fe on “ti maklouklou“.

KIMOUN KI FE MAKLOUKLOU?

Maklouklou ka afekte gason nan nenpot laj, men le pli souvan se yon pwoblèm ki prezante depi premye jou gason soti nan vant manman yo. li ka aftekte ti bebe gason nan premye lane nan vi li, e maklouklou an konn telman gwo, li konn menm gwose ak tet ti bebe an.

Makloukou an ka afekte jenn gason ak granmoun tou, le konsa se yon kondisyon kelkonk ki envite anpil dlo koule e akimile nan sak boul grenn nan “maklouklou” (hydrocèle), pami kondisyon sa yo, gen enfeksyon, tromatis(aksidan), filaryoz lenfatik( filariose lymphatique= maladi ki akimile anpil dlo nan kò an), ak kansè nan testikil yo.

ESKE MAKLOUKOU AK ENI SE MENM BAGAY?

maklouklou pa janm geri, oubyen li pa janm trete, li konn konplike oubyen transfome an èni. Eni se yon kondisyon kote pati nan trip nou ( entesten) ki sipoze rete nan vant, desann nan sak boul grenn (scrotum) lan atravè kanal enginal lan. Anpil fwa, gason ki leve anpil chay ki lou, ka depase fòs ke vant lan ka sipote epi eksè fòs sa ka pouse on pati nan entesten an (trip nou) nan kanal enginal lan, jiskaskel desann nan sak boul grenn nan(scrotum), yo rele sa yon èni enginal.

Eni enginal, ka fè sak boul grenn yo anfle menm jan ak maklouklou, men se pa yon maklouklou li ye. Paske makloukou fòme se le gen twòp dlo ki koule e akimile nan sak boul grenn nan. Tandiske èni, se yon pati nan trip(entesten) ou ki desann nan sak boul grenn nan.

KISA MOUN SANTI LE YO GEN MAKLOUKLOU ?

Sak boul grenn anfle, se premye siy maklouklou. Maklouklou anpil fwa li pa bay doulè, li pa fè gason paka fè pitit, li pa kontajye nonplis, men li konn anmèdan si li gwo anpil. Gason konn santi sak grenn yo lou, epi li anfle. Raman, li ka bay doulè depandaman de koz lan, espesyalman nan ka aksidan, ak enfeksyon, oubyen filaryoz lenfatik, kay jenn gason ak gramoun.

ESKE MAKLOUKLOU KA TRETE?

Jan nou konnen ke koulwa vajinal lan pran yon lane pou li fèmen apre ti bebe gason soti nan vant manman yo, konsa maklouklou an ka disparet pou kont li pandan premye ane an tou, paske dlo sa ki te akimile an, koulwa vajinal lan reyabsobe li pandan premye lane de vi timoun nan. Konsa, anpil maklouklou souvan resoud pou kont yo lakay jenn gason, granmoun tankou timoun. Defwa, yo konn rekomande chiriji, si maklouklou an gwo anpil nan ti bebe epi apre yon lane li kontinye ap gwosi toujou. Nan ka pa jenn gason, ak granmoun, yo konn bezwen tretman tankou chiriji tou, nan ka kansè, aksidan oubyen enfeksyon, le gen doulè, oubyen lè maklouklou an pa ka rezoud pou kont li.

REFLEKSYON

An konlizyon, lè yon moun fè maklouklou(hydrocèle) se pa kout lè li pran, ni se pa van ak move lè ki anfle boul grenn yo, se pa pote chay ki lou ki fè sa, ni se pa bouch gason yap fè peye pou aktivite seksyèl li divilge. Se pa de boul grenn gason an(testikil) ki anfle. Men se pito sak boul grenn nan(scrotum) ki anfle ak dlo, ki soti nan vant gras a koulwa vajinal lan ki pa femen kay timoun oubyen ki femen ak anpil dlo. E kay jenn gason ak granmoun, se aksidan, kansè, enfeksyon, filaryoz lenfatik e nenpot lot pwoblèm ki kreye kondisyon pou dlo koule e akimile nan sak boul grenn nan.

Enpotan pou diferansye maklouklou ak èni, maklouklou fòme se le gen twòp dlo ki koule e akimile nan sak boul grenn nan, tandiske èni se yon pati nan trip(entesten) lan ki desann nan sak boul grenn nan. Maklouklou pa bay doulè, ni li pa enpeche gason fè pitit, men li ka anmedan e afekte stil de vi gason fizikman, sitou si maklouklou an gwo anpil. Maklouklou komen kay ti bebe nan premye lane de vi bebe gason. Le pli souvan li rezoud poukont li, men defwa maklouklou ka transfome an èni si li pa janm rezoud pou kont li. E chiriji konn pèfome pou trete maklouklou nan ka espesyal.

Dr Lariviere

Gratèl( prurit)

Tande, Grate sou moun se yon wonte…… wi, gratel vle di ou pa benyen……. li vle di ou salòp……. pa kole sou li poul pa baw gratel lan….

Anpil moun ki soufri gratèl souvan konn tande pawòl sa yo nan bouch lòt moun. E anpil fwa pawòl sa yo konn afekte maladif lan mantalman.

Pou tèt gratèl zanmitay avèk plizyè lòt maladi ke lòt moun pa konnen apa de pa benyen, e pou tèt grate sou moun dèfwa ka fè moun pase wont, anfen, pou tèt gratèl konn fe mounn gade moun dwòl nan sosyete an, li enpotan pou nou konnen: kisa ki gratèl lan? Ki maladi ki ka koz li? kilè pou nou chèche swen medikal? e kijan li ka trete?

KISA KI GRATEL LAN?

Gratèl : An 1660 yon doktè alman, define gratèl tankou yon sansasyon ki provoke yon anvi ijan pouw grate nenpòt kote nan kòw, enkli pati entim ou. Nan gwo vokabilè doktè, yo rele gratèlprurit“. Alèkile, ak avansman medsin, yo vin dekouvri ke nou gen kapasite pou pwodwi sibstans ki rele “pruritogen” ( eleman ki provoke gratèl lan). Pami yo gen priritojèn: il 31, il-4, il-13 JAK.

Wap sezi wè ke zafè gratèl lan, se younn nan pwoblèm nan po ki trè frekan. Li se yon pwoblem ki represante 40% nan pami rezon ki fe moun al kay doktè. Li telman frekan, yo menm fe konnen ke kantite moun(40%) ki al kay doktè pou doulè nan do egal a menm kantite moun(40%) ki al kay doktè pou tèt gratèl.

KI MALADI KI KOZ GRATEL?

Pami maladi ki koz gratèl, nou gen:

1) ” Po sèch“, se koz ki pi koni, e ke moun ki gen po sèch ka devlope gratèl rapid, de la tèt o pye. menm jan li trè koni an, li fasil pou trete tou.

2) “Maladi gratèl nan po“. Ki se kondisyon ki soti nan po an selman, sa vle di ke, se pwoblèm nan po an ki pwodwi gratèl lan dirèkteman. Poum site kèk ezanp tankou: gal, inflamasyon nan po( dèmatit), alèji nan po( avek savon, rad, pwodwi chimik), lota, moun ki fe alèji ak medikaman. Moun ki gen ti bèt (ensèk, pinèz, ravet,marigwen) kat mode yo nan kabann.

3) “maladi po ki soti nan lot sistem nan kò an“. Nan ka sa, se maladi ki soti anndan kòw ki vin manifete sou po an ki provoke gratèl lan. Egzanp ki komen nan ka sa se moun ki gen pwoblem nan glann tiroyid( gwo gagann, ak ti gagann), anemi, moun ki gen lesemi, kansè nan san, moun ki gen pwoblem sikyatrik( “moun fou“), pwoblem nan fyèl ak nan fwa. Ak moun ki gen twòp kalsium nan san yo. E Moun ki gen defans yo ki ba. Moun ki gen pwoblèm nan yo( newolojik)

KILE POUW CHECHE SWEN MEDIKAL ?

Gratèl ki pèsistan, gratèl ki pa janm kanpe ka anmède kalite lavi moun anpil. yo rele sa “gratèl kronik“. Gratèl sa ka rann laviw san souf menmjan ak on moun kap bezwen lave sanl nan aparèy pou tèt pwoblem ren ki grav(emodyaliz). Lè konsa ou sipoze chèche swen medikal paske gendwa se koz maladi nan san, oubyen nan lòt sistèm nan an ki provoke gratèl lan.

Nan sans sa, aplikasyon krèm, ak pomad, lwil, benyen ak fèy, pap ka pase jan de gratèl sa. Ak chans defwa li ka pase pou on ti tan, men apre lap tounen ankò. Pou tèt sa, wap bezwen fe demanch ak doktè pou trete pwoblem anndan ou, pouw kontrole tip de gratèl sa.

KIJAN POU TRETE GRATEL ?

Tretman gratèl lan depann de koz lan. Aplikasyon krèm oubyen lwil idratan pandan kèk jou ka rezoud pwoblèm lan sitou lè se po sèch ki koz gratèl lan. Men konsa tou, gratèl kronik konn bay doktè ak pasyan anpil fristrasyon, sitou lè medikaman pou alèji yo pa fonksyone. Tretman avèk lazè, limyè iltravyolè konn ede trete gratèl ki soti nan lòt sistèm nan kò an tankou fwa ak ren.

Malerezman, gratèl ki soti nan pwoblèm sistemik, tankou nan san, fwa ak ren defwa konn pa reponn ak pyès tretman ki egziste sou mache an. Se pou tèt sa yap fè gwo rechèch sou medikaman ki pou atake pruritogen yo(eleman ki provoke gratèl)

Pou konkli, grate sou moun pa sipoze yon wonte…… wi, gratèl pa vle di ou pa benyen.…… li pa vle di ou salòp……. se pa tout gratèl ki kontajye. Gratèl pa yon maladi men plito li se yon manifestasyon de yon pwoblem nan po oubyen nan sistem anndan nou.

Anpil fwa nou ka trete gratèl fasil tankou nan ka po sèch, men Moun ki gen gratèl kronik ki pa janm kanpe sipoze wè doktè pou trete koz lan. Konnen ke Li posib pouw pa janm jwenn yon solisyon pou gratèl kronik lan, men, gen espwa ak gwo rechèch ke yap fè pou atake eleman ki provoke gratèl kronik lan, eleman sa yo rele “priritojèn”, pami yo gen “priritojè”: il 31, il-4, il-13 JAK.

La medsin ap fe rechech byen serye pou mete eleman sa yo anba kòd pou ka trete gratèl kronik nan yon fiti pa two lwen.

Dr Lariviere.

Tansyon wo oubyen Ipètansyon

Eskew konnen “Tansyon Wo” se yon pwoblèm mondyal trè frekan ? Eske ou konnen sou chak 10 moun ou konnen, enkli : Manmanw, Papaw, frèw ak Sèw oubyen zanmiw, gen omwen 6 Nan 10 moun sa yo ki ka soufri tansyon wo. Anplis, Eskew konnen Nan 6 moun sa yo, gen omwen 4 pami yo ki pa konnen ke yo sourfri tansyon wo (ipètansyon). Eke chak jou 4 moun sa yo pase San tretman pou tansyon wo, gen on mwen younn nan 4 moun sa yo ki ka devlope yon STROK( dega nan sèvo) san atann, nenpòt moman nan lavil.

An verite, mwen konnen Tansyon wo ka yon sijè ki nouvo pou ou. E pou eksperyans ke mwen genyen nan domenn sante kom on doktè kè(kadyològ). Gen kèk Kesyon ke mwen toujou jwenn moun pozem e ke ou menm Petèt ap poze tèt ou menm kesyon sa yo : kisa ki tansyon wo(ipètansyon) an menm? Kijan map fè konnen sim fè tansyon wo? Ki kalite moun ki ka fè tansyon wo? Eske gen mwayen pou evite moun fè tansyon wo? Eske gen trètman pou moun ki fè tansyon wo. Eske ipètansyon ka tiye on moun sil pa janm trete ?

KISA KI IPETANSYION AN MENM ?

Sistèm ki sikile san nan kòw pou pote oksijenn ak nitriman( manje) Nan tout pati Nan kòw (ògan) espesyalman sèvo( tèt ou),ren ou, ak ou, rele sistem Kadyovaskilè. Sistèm kadyovaskilè an se yon sistèm ki fòme avek kè ou epi on pakèt vènn ak atè ki konekte avèl pou sikile San nan nou chak jou tankou yon tiyo ki pa janm kanpe. Nan sans sa menm Jan ak on tiyo, an sikile san nan sistèm nan ak on fòs ke yo rele Tansyon( presyon) ke sistèm nan ka tolere. Presyon an kreye 2 Numero, younn rele “sistolik“, lot la rele “diyastolik“. Li enpotan pou nou konnen 2 numero sa yo pou kontrole tansyon ou. Menm Jan ou gen yon tank dlo ki konekte ak yon Koubelann pou sikile dlo deyò tank lan. Chak fwa ou ouvè tiyo an tank lan pouse dlo an ak yon fòs (tansyon) ki byen.Lè dlo fin kite tank lan, li kontinye sikile Nan koubelann. fòs (Tansyon) dlo an kap sikile nan koubelann toujou pi ba pa rapò ak tansyon ki Nan tank lan.

Egzanp tank dlo ak kobelann lan fonksyone preske menm Jan ak sistèm kadyovaskilè kap sikile san nan sistèm nou. Fòs (Tansyon) san ki soti Nan an ( tank lan)  ki byen e enpòtan, sipoze 120mmhg (120 nan mezi fòs) ki dwe byen fò, yo rele fòs sa Tansyon sistolik( premye nimero tansyon an). Fòs (tansyon) san kap sikile Nan atè yo( koubelann lan) sipoze 70mmhg (70 nan mezi fòs), Yo rele sa Tansyon diyastolik( dezyèm nimero tansyon an) ki toujou byen fèb. Nan sans sa, on Tansyon normal pou sistèm nou ( ògann yo) sipoze 120/70. Yo konsidere bèl tansyon sa kom yon tansyon optimal pou kò nou foksyone san pwoblèm ak sistèm kadyovakilè an.

Nòmalman, tansyon on moun  ka monte de tan zan tan a 140/90 aprè pou li desann nan 120/70 ki se yon bagay ki nomal depandaman de aktivite ke moun nan ap fè nan moman an. Pa egzanp nan moman ke wap kouri, fè egzisis, nan moman ke ou strese, nan moman wap manje, nan moman ou sezi, nan moman kè sote, nan moman ou fè move san, e menm nan moman kè ou kontan anpil tankou le wap fè sex. Nan moman sa yo, tansyon nan sistem nan sipoze monte pou ka pote plis oksijenn ak nitriman nan sistèm nan. Pou tèt sa, defwa nan moman sa yo tansyon an ka monte piwo ke 140/90, 150/90, defwa 160, sitou si wap fe gwo akitive fizik oubyen nan sitwasyon laviw an danje tankou lè wap kouri anban bal pouw sove tèt ou. Konsekaman aprè sa tansyon an toujou sipoze retounen nan numero optimal lan ki se 120/70, oubyen pi ba ke 120/70, imidyatman aprè ou kanpe oubyen sispann aktivite sa yo ki te monte tansyon an.

EBYEN, KILE MOUN SOUFRI TASYON MENM?

Kondisyon tansyon wo an komanse se lè ou gen yon tansyon ki rete anlè oubyen egal ak 140/90, epi ki pa janm desann pandan plizyè jou, plizyè mwa oubyen plizyè lane. Ou wè tansyon wo sa (ki rete anlè 140/90 lan),li se yon gwo menas pou sistèm nan. E li se yon menas paske le li rete byen wo sou tèt palmis lan, epi li pa janm desann, li ka koze anpil dega nan sistem kadiyovaskilè an avèk letan. Wi pitit, tansyon danje sa( ki rete anlè 140/90 lan) pa janm desann kit ou chita, kit ou domi, kit wap mache, kit wap manje. Tande, ou wè, maglre wap repozew lakay ou, byen trakil tansyon an rete byen wo nan sitèm ou anlè 140/90 oubyen 150/90 defwa 160/100, wa di se kouri ou tap kouri pou sove laviw anba bal tandiske se chita ou chita lakay anrepo. An gran jan, yo konsidere tansyon wo sa (140/90 ki pa janm desann nan) tankou on danje sosyal. Tansyon wo sa miltipliye risk( chans) pou moun  soufri domaj irevèsib( ou pap ka defèt sak te fèt) nan ògann vital tankou ( tank lan), sèvo( tèt ou) ak ren e nan gwo atè yo (koubelann) tankou gwo atè awòt.

KIJAN MAP FE KONNEN SIM GEN TANSYON WO KI PA JANM DESANN?

Meyè fason pou konnen siw fè tansyon wo se cheke tansyonw ak on machin tansyon ki rele “tansyomèt”. Se vre, Mwen konnen ke ou pa Santi anyen, ou santiw anfom, ou pa janm ge on ti tèt fe mal menm nan laviw, eke ou pa wè rezon pouw ta tcheke tansyonw. Ebyen map profite diw ke rezon ki fe li enpotan pouw cheke tansyon pa woutin( menm ke ou pa santi anyen), se paske le pli souvan tansyon wo pa pwodwi pyès sentom( li pa bay tet fè mal, ni vant fè mal, ni la fyèv, ni kè fe mal, ni batman kè) sil poko fè gwo dega nan sistèm nan ak ògann vital yo. E kòm ou konnen janm dil oparavan, pou tansyon wo  fe dega nan sistèm nou, li pran tan li. Li pran plizyè jou, plizyè mwa ak plizyè lane, li rete anle 140/90 pou li fe dega. Le tansyon wo rive on lè li fè kont dega nan sistèm nan ak ògann vital yo, lap gentan twò ta, paske dega sa yo anpil fwa ou pap ka defèt yo. Nan moman dega yo fèt, ou ka rete on sèl jou, ou Santi tet fe mal, ou santi kouw on ti jan rèd, ou komanse wè twoub, on santi on ponyèt ou lou, san fòs, on bò nan figiw defòme, jiskaske ou abouti ak on STROK.

Se pou tèt se yo yo baw tansyon wo on ti non ki rele “tiyè silansye” an bon kreyol lap kraze sistèm ou, manje ogan vital yo anba anba. Lap manje anndanw an silans jiska li fe gwo dega ki ka menm mete laviw an danje. Pou tet sa, yo relel “tiyè silansye“. Nan menm sans sa, Mwen konseyew siw ap li teks sa pouw konsidere tcheke tansyonw 2 ou 3 fwa nan yon semenn epi ekri Numero sistolik ak dyastolik lan Nan yon fèy papye. konsa si ou wè Numero yo rete anle 140/90 pandan kelke jou konsekitif, ou met konsidere ou ka soufri tansyon ki wo. E ou ka evite dega nan sitèm ou, le ou detekte li bonè. Si lèw fin kotrole tansyon aprè kèlke jou e ou sispèk ou fè tansyon wo. Nan ka sa wap bezwen ofri tèt ou yon opòtinite pou konsilte on doktè ki ka travay ansanm avèk ou pou jwenn yon plan pou trete kondisyon sa.

KIK KALITE GROUP MOUN KI KA FE TANSYON?

Yo estime ke 90% moun ki pase laj de 40 lane nan yon moman nan lavi moun sa yo gen yon risk(chans) pou yo soufri tansyon wo. Nòmalman, yo asosye sa avek laj ak jenetik Ki se kòz ipètansyon ki pi frekan. Yo konsidere laj avek jenetij kòm risk faktè (chans pou fe tansyon wo) ke nou paka kontrole. On lòt kote,  avèk entrodiksyon manje rapid( tchanpan), avèk dispozisyon teknoloji( machin, eskalye woulant) fè anpil moun fè mwens egzèsis e konsomasyon anpil farin ak sik, anplis ak anpil sèl miltipliye risk(posibilite) pou moun soufri tansyon wo ak yon laj ki pi jenn, defwa avan laj de 30 lane.

Pou tèt sa, Li tre frekan ke moun ki depase pwa nomal yo, moun ki obèz ak BMI plis ke 30 ka fe tansyon wo, byen ke obezite pa garanti ke wap fe tansyon ki wo. Menm Jan on moun ka an sante men li gen jenetik li ki koz ki le fe tansyon wo byen ke li mennen on vi an sante. Pami bagay(faktè) ki fè Moun fe tansyon wo ke nou ka kontrole, oubyen evite, gen: sigarèt (Moun kap fimen li), alkòl ( moun kap bwè plis ke 3 byè pa jou), sèl( moun ki manje deyò anpil) obezite( moun ki gen yon BMI 30 ou plis), sedantaris( moun ki renmen chita nan kay ki pa fe egzesis souvan) dayèt( moun ki pa manje fwi ak Vegetal).

ESKE GEM MWAYEN POU EVITE MOUN FE TANSYON?

Wi, Gen mwayen efikas pou prevni, oswa evite establisman tansyon wo. Mwayen sa yo yo rele  mwayen ki modifyab. Sa vle di se abitid ki nou ka chanje Nan vi nou ki ka amelyore, oubyen evite Tansyon wo (anle 140/90). Gen 5 bel abitid nou ka adopte ki ka amelyore tansyon San nou pa bwè medikaman:

1. Egzesis, fè egzèsis omwen 150 minit pa semenn ka desann Numero sistolik lan( nimero ki wo an) de 4 a 9 pwen.

2. Pedi pwa, yon rediksyon de 10 kg oubyen 22 liv nan pwa kò an ka desann presyon sistolik an de 5 a 20 pwen.

3. Sèl( sodyòm), redwi Nan kantite sèl ke wap konsome,  mwens ke 2g( 2000mg) pa jou ka desann tansyon sistolik lan de 2 a 8 pwen.

4.Dayèt, on dayèt ak fwi ki rich an potasyòm, epi Vegetal ak legim. Dayèt ki rekomande Nan ka sa rele DASH diet, ki ka desann tansyon sistolik lan de 8 a 14 pwen.

5. Alkòl, redwi konsomasyon alkòl a mwens ke 2 byè pa jou ka desann tansyon systolic lan de 2 a 4 pwen.

ESKE GEN TRETMAN POU MOUN KI FE TASYON WO?

Wi, Anpil fwa gras a Dye gen tretman pou tansyon wo. Avan tou, mwen ankouraje san kanpe,  pou adopte 5 abitid ke nou konnen ki ka amelyore tansyon anvan nou konsidere trete tansyon wo an ak medikaman, si se pa yon ka emèjennsi. On konbinezon de 5 abitid sa yo ansanm ka koze on gwo chajman pozitif nan tansyon sistolik lan.  

Konsa tou, Sa konn rive malgre nou aplike tou le 5 presip sa yo. Gen gwoup de moun tansyon yo toujou rete wo malgre tou. Le konsa nou panse asosye sa avèk jenetik e avek  laj 40 lane avanse, 60 lane ou plis. Yo rele Tansyon primè obyen tansyon wo de koz primè (ki vle di yon tansyon ke nou pa konnen orijin nan). Pwiske nou pa konnen orijin nan(kote li soti). nou oblije trete tansyon a lavèg, on fason pou nou enpeche li fè dega avek letan nan sistèm nou. Konsa tou, defwa tansyon wo ka asosye avek koz segondè ( sa vle yon tansyon wo ki nou konnen orijin nan). Pwiske Nan ka sa nou konnen  ki kote pwoblem tansyon wo an soti( orijin Nan), ebyen nou fokis trete origin lan. Anpil fwa le nou trete koz lan, tansyon wo an retounen nan numero optimal pou kont li.

Li enpotan pouw konnen ke 95 % mounki fè tansyon wo ap genyen premye fòm nan (tansyon primè)kote nou pa konnen koz lan. Apa de adoptasyon 5 bèl abitid pou kontrole tansyon an, an menm tan moun sa yo konn bezwenn medikaman tou pou ede sistèm nan retounnen nan tansyon optimal lan.

ESKE TANSYON KA TIYE MOUN SIL PA JANM TRETE?

Wi, tansyon ka tiye on moun sil pa trete, byen ki li ra si pa gen komobidite( lòt maladi) ki akonpanye tansyon ki wo. Pa egzanp on moun ki te fè strok deja, on moun ki fe sik(dyabèt), on moun ki gen anpil grèss nan san( kolesteròl wo), on moun ki gen pwoblem deja( ki te fè atak kadyak), ect…….kategori moun sa yo rele (high risk) = trè sansib pou yal nan peyi san chapo si tansyon wo yo pa byen kontrole.

Lè fini sak pi malere menm jan ak lanmò poum pa di plis ke lanmò sè ke tansyon wo ka fè ou develope yon STROK, ki pa paralizew, debilitew, li ka fè fanmiw chanje vi yo de fason pou yo ka pran swen ou, paske ou pap ka fe anyen pou kont ou lèw paralize, sitou Nan ka STROK ki ekstrèm.

An rezime, pou rezon ke nou mansyone avan yo, li enpotan pou chak moun depi a laj de 18 ane konnen omwen a ki tansyon ( presyon) ke san ap sikile nan sistem kadiyovaskilè an. Nan fason sa  nou ka idantifye on pakèt moun ki pa konnen ke yo fè tansyon, epi konseye moun sa yo cheche tretman, pou evite yo devlope yon STROK kòm konsekans de yon tansyon wo ki pa janm trete.

Dr Lariviere